The Haitian Pulse se yon platfòm mondyal ki rasanble Ayisyen atravè kilti, koneksyon, ak objektif. Nou mete Ayisyen nan Ayiti ak nan dyaspora a ansanm pou bati yon nasyon ki pi fò, ki endepandan, sou pwòp kondisyon pa nou.
Apwòch nou chita sou decentralizasyon atravè aksyon kolektif. Nou kwè lavni Ayiti ap bati lokalman, atravè kominote òganize k ap travay ansanm atravè rejyon ak fwontyè. The Haitian Pulse sipòte Ayisyen nan devlopman mikwo-antrepriz ak pwojè
kominotè, lè li bay estrikti, gidans, ak kolaborasyon pou pwogrè dirab.
Nan kè misyon nou, gen jounalis Ayisyen san filtè ki enfòme, òganize, epi mete naratif pa nou an devan. Nou mete viktwa nou yo an avan, nou konfwonte defi nou yo ak onètete, epi nou konsantre sou solisyon ki pouse nou avanse.
Ayiti rive nan yon moman desizif. Kalifikasyon nou pou Koup di Mond lan rasanble nasyon an jan sa pa t fèt depi lontan. Sa a se plis pase yon selebrasyon — se yon momantòm ra. The Haitian Pulse la pou ede transfòme enèji sa a an aksyon,
opòtinite, ak konfyans dirab.
Kèlkeswa kote ou ye, sa a se espas pa w pou rete enfòme, rete konekte, epi avanse ak objektif.
Bati vizyon pa w lib, pandan w ap avanse an kowòdinasyon ak Ayisyen atravè lemond.
The Haitian Pulse se yon platfòm mondyal ki rasanble Ayisyen yo vè yon objektif komen, koneksyon, ak yon responsabilite pataje. Platfòm reyini ansanm Ayisyen k ap viv an Ayiti ak nan dyaspora pou konstwi yon peyi ki pi fò ak endepandan —
sou pwòp tèm pa nou, gras ak aksyon kolektif e yon estrikti ki byen òganize.
Nan kè inisyativ sa a, se yon espas kote ide vin tounen aksyon. Manm yo kolabore pou reyalize pwojè, kit yo piti kit yo gwo, nan rejyon pa yo, ak sipò yon rezo ki bay gidans, kowòdinasyon ak opòtinite. Pwogrè pa fèt pou kont li — Se lan
patj, kolaborasyon ak konbit na p rive delivre Ayiti.
An menm tan, The Haitian Pulse bay enfòmasyon san filtre, pou enfòme, konekte ak mobilize pèp la. Sa pa sèlman yon platfòm — se yon sistèm ki Ki bati ak entansyon pou pote yon lòt vizyon pou Ayiti. Se yon espas kote chak manm pote kontribisyon
pa li epi chak rejyon grandi ansanm.
Jodi a plis pase tout tan, inite se pi gwo fòs nou. Lè w konekte atravè platfòm sa a, ou antre nan yon fòs kolektif ki pare pou òganize, mobilize, epi dirije. Pa tann chanjman an vini — vin fè pati l. Vin jwenn nou, mare bra w ak Ayisyen toupatou atravè lemond, epi ede fòme avni nou merite a.
Chanjman pa rive pa aza — li rive ak plan. Platfòm sa a se kote ide tounen aksyon. Lè nou pataje konesans, mete objektif nou anliy, epi planifye ansanm, nou bati plan fondasyon pou yon avni Ayisyen ki pi solid. Ann avanse ak objektif, pa ak enpilsyon — epi ann fòme rezilta nou vle wè yo, etap pa etap.
Konfyans bati atravè ouvèti. Platfòm sa a bay anpil enpòtans ak kominikasyon klè, pataj enfòmasyon, ak lidèchip onèt. Chak moun merite konnen kijan desizyon yo pran ak ki direksyon n ap pran. Lè nou angaje nou nan transparans, nou ranfòse responsabilite epi nou kenbe mouvman nou an chita sou verite, inite, ak byen kolektif pèp Ayisyen an.
Ou se batman kè mouvman sa a. Chanjman reyèl kòmanse lè moun tankou ou leve kanpe, fè vwa yo tande, epi angaje yo. Nou dwe gen reprezantasyon bò tab kote desizyon enpòtan ap pran — desizyon ki ka konstwi oswa kraze kominote nou yo ak peyi nou. Patisipasyon ou asire nou vizibilite, epi lemond ban nou respè nou merite.
Fè pati The Haitian Pulse fè m santi mwen finalman konekte ak yon bagay ki pi gwo pase mwen. Se la n ap kreye chanjman nou bezwen an!
Project Manager
Platfòm sa a ban mwen yon vizyon klè ak koneksyon mwen t ap chèche a. Se lyen ki te manke a, lyen nou te bezwen pou nou avanse an.
Business Development
Finalman mwen jwenn yon espas kote Ayisyen serye atravè lemond konsantre sou solisyon reyèl. Pa gen bri — se vizyon ak aksyon sèlman.
Educator