Jean-Jacques Dessalines - Li te youn nan chèf deta revolisyon ayisyen an e premye lidè yon Ayiti endepandan depi konstitisyon 1805. Se papa nasyon an, moun ki te vide san li pou ban nou yon nasyon souveren. Nou pap janm sispan n onore non papa nsyoan an.
Caonabo (mouri 1496) se te yon kasik Taíno (chèf) nan Ispanyola nan moman Krisòf Kolon te rive sou zile a. Caonabo se te yon gason vanyan pou jan l ye kon apwoche chan batay la ak ferosite. Caonabo te marye ak ren Anacaona, ki te sè yon lòt kasik yo te rele Bohechio
Anacaona (1474?–1504), oswa flè an lò, se te yon cacica taíno, oswa kasika (lidè) lan Xaeagua, ekspè relijye, powèt ak konpozitè ki te fèt nan Xaragua. Aprè lanmò frè li Bohechío. Anacaona te vinn jwe role Kasika. Li te vinn marye avek Cainabo. Se yon n nan zanset nou ke nou pa ka bliye
As a Project Manager at a small local company, I was looking for a universal solution for my company’s website. Ning Builder is just what I need! It looks stunning and works flawlessly.
Project Manager
Thanks to Ning Builder, I am now able to showcase all my works without doing any extra coding and design manipulations. It’s incredible, my website looks stunning. Thank you!
Architect
As a freelance landscape designer, it is important for me to have a great looking portfolio of all my works, and this template has what I need. I especially like blog layouts and portfolio pages.
Freelancer
Platfòm Legacy 509 nou an fèt pou yon objektif. Nou devlope yon apwòch sistematik pou konstwi nouvo sosyete ayisyen an yon wòch alafwa. Objektif prensipal nou se rasanble tout moun ann Ayiti ki reveye nèt ansanm ak moun ki nan dyaspora a pou
etabli yon fòs inifye.
Nan platfòm nou an, nou gen kapasite pou konstwi tout enstitisyon nou yo nòmalman epi moun ki nan dyaspora a pral gen plis responsablite pou yo travay ansanm pou yo vin yon gwo fòs ekonomik ki pral mennen nou soti nan mond vityèl la pou
nou rantre nan mond fizik la.
Li te enpotan anpil pou n te konsidere pozisyon jeyografik chak rejyon yo. Sa pral pemet ke nouvo manm yo tou rantre otomatikman nan rejyon respektif yo. Sistenm plasman sa a vin n ran n li pi fasil pou nou enplimante pwojè lan nivo rejyonal.
Sèl fason pou nou mete Ayiti sou pye li, se bati yon nouvo sosyete ayisyen. Konstwi sosyete sa a efektivman mande pou sèvi ak teknoloji. Alo, Legacy 509 se zouti sa a ki pral pèmèt nou bati nouvo sosyete ayisyen an epi finalman, ekri
yon nouvo chapit nan listwa peyi nou an.
Pou tout Ayisyen Otantik ki vle wè chanjman dirab pou Ayiti, nou envite w vin jwenn nou pou w ka fè pati solisyon an.
Platfòm Legacy 509 nou an gen yon pozisyon inik: Rasanble tout ayisyen otantik ki vle mete fen ak imilyasyon kit ann Ayiti kit nan dyaspora a. Misyon nou se pou nou mete tèt nou ansanm non sèlman pou fini ak ensekirite ann Ayiti, men,
an menm tan, sèvi ak fòs plis pase 4 milyon ayisyen kap viv nan dyaspora a nan sèvis peyi nou. Ki jan nou ka fè sa:
Solisyon tout Ayisyen ta renmen jwenn pou Ayiti se lapè ak pwosperite. Nou pa ka reyalize ni yon ni lot toutotan nou pa reyini ansanm lan menm espas ak menm objektif. Ayiti ap travèse yon kriz ki gen plizyè dimansyon. Kidonk, li
enpòtan pou nou avanse etap pa etap pandan ke nap itilize pi gwo resous nou genyen an, dyaspora ayisyen an. Ki kote pou n kòmanse? Men de objektif prensipal nou yo:
1. Objektif prensipal nou se rasanble prè de 4 milyon ayisyen k ap viv nan dyaspora a pou nou tabli tèt nou kòm yon fòs nan pwosesis elektoral dyaspora a poun vote sèlman pou kandida ki pare pou satisfè bezwen nou kòm kominote yon fwa yo
eli.
2. Dezyèm objektif nou se fè de dyaspora nou an yon pisans ekonomik. Nou prè pou nou sèvi ak plizyè sistem ke oksidan an deja gen an fonksyon pou n jenere plis pase 10 milyon US chak mwa ke nou pral itilize pou nou bati peyi nou a
travè devlopman rejyonal san ke nou pap bezwen kolekte don lan men manm platfom lan. Nou deja entegre tout sistèm sa yo e nou pare pou mete yo an aplikasyon. Enskri jodi a pou aprann plis sou sistèm sa yo.
Bois caiman senbolize yon espas rasanbleman nan yon moman kote peyi nou t ap travèse yon peryòd kritik. Jodi a, nan menm lespri Bois Caiman, nou twouve nou nan espas Legacy 509 lan pou nou bay yon repons ak oksidan yo e pote yon solisyon ak kriz sa a k ap ravaje espas sakre ke zansèt nou yo te kite pou nou kòm eritaj. nou reveye e li lè pou nou aji.
Moman an rive pou yon dyalòg nasyonal. Dyalòg jodi a se yon dyalòg ki pral reveye lespri zansèt nou yo nan kè chak ayisyen ki gen konviksyon ke Ayiti pa ka rete anba dominasyon yon gouvènman koripsyon oswa kite tèt li domine pa kominote entènasyonal la. Poun soti nan dilèm sa a, li enpòtan poun pataje menm vizyon ak objektif. Rezo sa bati pou òganize nou.
Siksè ak reyisit tout mouvman baze sou transparans. Nou p ap lanse oswa ranmase lajan toutotan ke tout komisyon jesyon yo pa an plas. Pifò nan gwo mouvman yo mouri pou mank transparans. Eksperyans pase nou yo pral asire siksè misyon sa a. Antre nan espas manm lan kounye a pouw chèche konnen ki jan nou estriktire pou nou asire nou ke mouvman pote anpil siksè.
Pou zansèt nou yo te fè Bois Caiman, li te mande anpil disiplin. Pou rezon sa yo, espas Ayisyen Otantik la, ki se yon reprezantasyon Bois Caiman, dwe prive epi aksesib sèlman ak manm ki konvenki ke li enpotan pou nou bay Ayiti yon lòt direksyon. Pou reyalize objektif nou, patisipasyon tout Ayisyen Otantik enpòtan nan rasanbleman sa a.